READ OUR NEWS

Creole Lingo!

Gran chantez Dominique te fè yon ti kout pye nan zòn Tampa pou chante alfabè kreyòl la tou. Se Chad Piche ki te pran foto sa a.

Gran chantez Dominique te fè yon ti kout pye nan zòn Tampa pou chante alfabè kreyòl la tou. Se Chad Piche ki te pran foto sa a.

Prezans zouti DVD alfabè kreyòl la nan lekòl yo se yon ti solisyon pou koumanse rezoud yon montay pwoblèm. Non sèlman zouti chante alfabè kreyòl la ap ede timoun aprann nan yon fason ki bay anpil plezi, li ankouraje imajinasyon lakay timoun yo, li ba yo libète pou yo eksprime tèt yo nan yon fason ki ta difisil san rit mizik, e li angaje yo pou patisipe plis nan sa y ap aprann nan. Sa vin ajoute yon siksè anplis nan devlopman sosyal yo tou.

Se pwofesè Michel DeGraff, yon lengwis nan inivèsite Massachsetts Institute of Technology (MIT) avèk otè atik sa a, yon konbatan pou lang kreyòl la, ki te mete tèt ansanm pou pwodui DVD alfabè kreyòl la. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou pwojè sa a nan lyen Deskriptif DVD alfabè kreyòl la: Paj 1 Deskriptif la e Paj 2 Deskriptif la. E ou kapab jwenn DVD a si ou klike sou lyen sa a: DVD alfabè kreyòl la nan EducaVision.

Rechèch ou va fè sou pwojè ki ap pwomote avansman lang kreyòl la pa ta janm konplè si w pa tcheke pwojèInisyativ  MIT-Ayiti a, yon pwojè ke pwofesè Michel DeGraff ap dirije, ki itilize lang kreyòl la pou mete resous teknolojik nan pla men tout elèv lekòl Ayiti, san patipri, dekwa pou yo kapab vin pi maton nan sijè lasyans yo, matematik, fizik, ak teknoloji. Pwojè sa a gen kapasite pou modènize sistèm edikasyon peyi Ayiti, paske li itilize teknoloji ak kapasite lengwistik timoun nan genyen depi l fèt, pou li ede timoun nan devlope lespri kritik ki nesesè pou l reyisi nan lavi pwofesyonèl li. Ak yon pwojè konsa, anvan lontan, kalib ledikasyon nan peyi Ayiti pral depase nivo lekselans.

Men, pou kounye a, sitiyasyon sistèm edikasyon nan peyi a se yon kesyon de ‘kote k gen kou nanpwen chenn’.  Pou yon timoun ki pa rich resevwa bon kalite ledikasyon Ayiti, li dwe simonte plizyè obstak. Obstak tankou difikilte ekonomik, kapasite ak merit lekòl la ki pa nan nivo, fòmasyon ak preparasyon pwofesè a ki pa fin twò yès, e disponiblite founiti klasik ki endispansab pou siksè elèv la ka pa egziste. Gen yon manman pwoblèm ki pi gwo pase obstak sa yo, se baryè lengwistik ki prezante lè elèv la al kontre bab pou bab ak ansèyman ki ap fèt an franse alòske se ak lang kreyòl la li te leve. Pwofesè yo fè kèk klas an kreyòl, men lè se tan pou aprann fòmil matematik, lwa fizik, ekwasyon chimik, se nan lang etranje elèv yo aprann sa.

Si paran yo te konnen ki enplikasyon obstak sa a pote alalong, yo ta pale franse sèlman ak timoun nan lè l ap grandi, lè y ap jwe avè l, ak lè y ap ba l tete. Yo ta fè timoun nan pale franse sèlman lè li nan lakou ap jwe ak zanmi l, lè l al fè komisyon nan mache, ak nan tout anviwònman anfans li.  Men reyalite a sèke, nou pa leve ap pale franse, se lang kreyòl la ki rele n pa n.  Timoun nan leve jwenn paran l ap pale kreyòl, se kreyòl ki lang li, se sa sèlman li konnen. Luzincourt ak Gulbrandson (2010) sijere ke lekòl yo ta dwe anseye tout elèv primè yo nan pwòp lang manman yo pandan ke y ap fè preparasyon pou atake lang franse a kòm yon dezyèm lang.

Kèlkeswa jan yo deside fè l la, selon rechèch ki fèt, gen plis avantaj pou timoun nan pran fondasyon edikasyon primè li nan lang manman li. Pa gen manti nan sa. Prèv la klè. Tout rechèch ki fèt montre ke meyè lang pou yo ta itilize pou alfabetizasyon nan lekòl primè yo se premye lang timoun nan (UNESCO, 2008).

Nan zafè chanje lang sa a timoun nan ka byen twomatize. Sa ka vin mete nan tèt li ke lang manman l lan pa konpetan. Donk se pousa, dèfwa, timoun nan vin bay lang etranje a priyorite. Li kite lang manman li dèyè. Li kite eritaj li dèyè. Se pa yon egzajerasyon non. Di m ki sa w ta fè si yo ta di w pa pale kreyòl nan lakou rekreyasyon. Di m ki sa w ta fè si yo ta ba w yon kout règ sou zo dwèt ou pou chak mo kreyòl ou pale. Si sa ta rive w, li pa ta vo lapenn pou ap pale yon lang k ap fè w pase mizè. Enben lè lekòl la limite kreyòl la, lè lekòl la plase kreyòl la kòm lang ki pa kapab anseye fizik, chimi, byoloji, oubyen nenpòt sijè matematik tankou jeyometri, aljèb, oubyen kalkil, sa anrejistre fon nan tèt timoun nan.

Timoun nan, atò, vin pèdi benefis resous lengwistik lang manman li. Tout vokabilè, konesans adisyonèl, konesans kiltirèl, kreyòl la ta pral pote ba li tonbe nan dlo – Tout pèdi. Tout peri paske nou fèmen kapasite sa a nan brenn timoun nan. Nou limite l. Nou anpeche kapasite sa a devlope. Tandiske se lang manman l ki  ta pral sèvi kòm bon fondasyon pou aprann lòt lang.

Pwofesè Michel Degraff avèk Chomsky ki kenbe DVD alfabè kreyòl la. Se Michel Degraff ki founi foto sa a.

Pwofesè Michel DeGraff avèk Chomsky ki kenbe DVD alfabè kreyòl la. Se Michel DeGraff ki founi foto sa a.

Menm paran yo, vin pèdi opòtinite pou yo chita sou tab pou anrichi konesans timoun nan ak kilti li pandan y ap sipèvize l nan fè devwa. Konesans kiltirèl ke timoun nan, an retou, ta pataje nan klas ak pwofesè e konpayèl klas li.

Nan pawòl Chomsky (2015),  “Si yo nye timoun Ayiti yo opòtinite pou yo etidye, travay, ak devlope nan pwòp lang ak kilti yo, sa va prive yo de opòtinite pou yo pwogrese pwofesyonèlman.”

Se bagay nou wè chak jou, timoun nan rive nan yon nivo kote li pa kapab kontinye ankò nan lekòl la, paske li manke yon seri fondasyon. Lekòl la pa t ba li opòtinite pou konnekte ak vrè idantite li.

Iv Dejean, premye konbatan pou edikasyon nan lang kreyòl la, te mete pawòl la klè, “Toutotan sistèm lekòl Ayiti a pa sèvi nèt ak zouti ki nan lespri sèvo tout Ayisyen ki fèt e ki leve Ann Ayiti, responsab lekòl fèmen pòt konesans nan figi 4,000,000 timoun ki pa te benyen nan franse, ni ki pa kapab benyen nan franse. Paske yo pa gen okazyon benyen nan franse.” (Iv Dejan, 2011).

Iv Dejan ap fè ti pale avèk timoun gwoup RAK (Revolisyonè pou Alfabè Kreyòl la) ki sot chante alfabè kreyòl la.

Iv Dejan ap fè ti pale avèk timoun gwoup RAK (Revolisyonè pou Alfabè Kreyòl la) ki sot chante alfabè kreyòl la.

Se vre mezanmi, timoun nan pa genyen okazyon pou l layite kò l nan franse, nou pa ka vle pou l ap pwodui an franse.

Jounen jodi anpil moun vin reyalize enpòtans resevwa edikasyon an kreyòl. Gen anpil mouvman k ap fèt pou chanje sistèm nan. Pwojè DVD alfabè kreyòl la se youn ladan.  Mete w avèk nou pou pataje mouvman sa yo ak tout Ayisyen ki konsènen pou nou kapab fè pi gwo pa toujou sou wout pwogrè a.

 

Se Mandaly Louis-Charles ki ekri atik sa a.

Nonm de mo ki gen nan atik la: 1101

Referans

Chomsky, N. (2015). Chomsky on language & education in Haiti / Chomsky sou lang & edikasyon. Published by Degraff, M. F on YouTube 8/5/2915. W ap jwenn li nan https://youtu.be/sNGB5ZasCMA

Dejan, Iv.  (Telechaje 2011). The Politics of Language: Haitian Creole and the Educational System in Haiti. W ap jwenn li nan  http://www.youtube.com/watch?v=DpXc7ylYwYk

Luzincourt, K., Gulbrandson, J. (2010). Education and conflict in Haiti: Rebuilding the eduation sector after 2010 earthquake. United States Institute of Peace. W ap jwenn li nan http://www.usip.org/sites/default/files/sr245.pdf

UNESCO (2008). Mother Tongue Matters: Local Language as a Key to Effective Learning. Paris: UNESCO.

 

 

 


No Comments


Leave a comment

You must be logged in to post a comment.