Ki rapò ki genyen ant lòd, disiplin, e òganizasyon nan yon lekòl avèk reyisit elèv yo nan lekòl sa a?
Èske ou panse elèv yo ap reyisi si gen dezòd?
Èske w panse yo va reyisi si pa gen òganizasyon?
Èske ou panse y ap reyisi si pa gen displin?
Poukisa gen moun ki panse lekòl Ayiti yo va reyisi si yo pa mete bon refòm e chanje tout metòd edikasyon ki demode?
Tanpri ale nan sit MIT-HAITI a pou plis enfòmasyon avèk si ou ta renmen patisipe nan konbit pou edike tout peyi Dayiti kòm sa dwa. Lyen an se https://haiti.mit.edu/.
Lekòl anba yo deside mete lekòl yo “tèt anwo”. Yon bèl bravo pou yo.
No Comments