READ OUR NEWS

Creole Lingo!

 

Institution Mixte Père Farnese1

Institution Mixte Père Farnèse Louis Charles, avèk direktè Henry Evaince pral chante alfabè kreyòl la

Institution Mixte Père Farnese

 Woni Jozèf (Rony Joseph)

 

Youn nan bagay ki fè fyète yon pèp, yon peyi oubyen yon nasyon se lang pèp la, lang peyi a oubyen lang nasyon an. Nan kèk peyi, yo asosye lang peyi a ak kèk gran ekriven peyi a. Pa egzanp, lè yo ap pale de lang franse, yo di « lang Vòltè (Voltaire) ». Pou panyòl yo di « lang Sèvanntès (Cervantes) » . Pou angle, yo di « lang Shekspi (Shakespeare)». Kantite liv ak atik yo pibliye an kreyòl ap ogmante pi plis chak jou. Men ponkò gen yon antant sou ki ekriven ayisyen ki dwe jwe wòl sa a pou kreyòl ayisyen.

 

Si nou ta mande yon gwoup ayisyen pou bay lis kèk bagay ki fè fyète pèp ayisyen, kèk bagay ki reprezante yon eritaj enpòtan pou Ayisyen, nou ta jwenn repons tankou, istwa nou, mizik nou, manje nou, kèk nan moniman istorik nou yo tankou Sitadèl. Gen chans pou se pa anpil nan yo ki ta va mansyonnen kreyòl ayisyen. Èske ou se youn ki ta p di kreyòl ayisyen? Poutan kreyòl ayisyen se youn nan eritaj enpòtan nou yo. Nou pa pwopaje nouvèl sa a ase. Pètèt akòz prejije oubyen inyorans anpil nan nou, si se pa pifò nan nou, kont lang nasyonal nou.

Institution mixte Martin Luther king, ki nan 108 Ave Galaxie, e ke direktè St Émois Rejeté ap dirije. Yo pral chante alfabè kreyòl la.

Institution mixte Martin Luther king, ki nan 108 Ave Galaxie, e ke direktè St Émois Rejeté ap dirije. Yo pral chante alfabè kreyòl la.

Pandan m ap reflechi sou kesyon an, mwen sonje yon eksperyans m p ap janm bliye. Yon jou mwen te nan yon atelye travay Doktè Iv Dejan (Yves Dejean) t ap fè pou yon gwoup pwofesè ak lòt edikatè Etazini sou enpòtans lang kreyòl ayisyen nan travay ak fanmiy epi timoun ayisyen ki sòti Ayiti epi ki fenk rantre nan sistèm edikasyon Etazini. Doktè Dejan te apenn koumanse atelye travay la lè youn nan patisipan yo te fè yon deklarasyon ki te siprann anpil moun. Li te di: « Men Doktè Dejan, kreyòl ayisyen pa yon lang.»  Mwen te enterese anpil pou m te wè kijan Doktè Dejan t a pral reponn patisipan an. Pou moun ki pa konnen, Doktè Dejan se yon gwo otorite, yon save nan zafè lang epi youn nan pyonye ki ede leve etanda kreyòl ayisyen. Nou bay tit de nan liv li yo nan referans pou atik sa a.  Se yon deklarasyon nou te konn tande anpil lontan. Èrèzman, se pa yon bagay nou tande souvan jounnen jodi a, byenke gen anpil moun ki toujou ap rezonnen konsa. Pandan m te ap tann repons Doktè Dejan, m te ap poze tèt mwen kesyon sa a: Se kilès nan de bagay sa a yo ki te pouse patisipan an fè deklarasyon sa a : prejije oubyen inyorans ? Mwen pi kwè se te inyorans. Men li ka te tou de alafwa, paske prejije ak inyorans byen souvan chita sou menm chèz epi dòmi nan menm kabann.

Institution Mixte Luzia Academy avèk direktè Sinnelon Busnel pral chante alfabè kreyòl la.

Institution Mixte Luzia Academy avèk direktè Sinnelon Busnel pral chante alfabè kreyòl la.

 

San bri san kont, Doktè Dejan ekri fraz sa a  sou yon tablo: « Pa di bagay konsa. » Epi li di patisipan an, « Si kreyòl ayisyen pa yon lang, ranje mo nan fraz sa a nan fason ou vle epi esplike m sa ou vle di. »  Patisipan an te rete bèkèkè. Li pa te di anyen. Kèk lòt moun nan atelye travay la te konprann kote Doktè Dejan te vle rive. Gen youn ki di: «Si patisipan an pa kabab, enben an nou ede l.» Tout moun te kòmanse ede patisipan an ranje mo fraz la lòt jan.  Men kèk nan konbinezon yo te pwopoze l: «Konsa di pa bagay. » « Di pa konsa bagay. »  « Di konsa pa bagay. » « Bagay pa konsa di. » « Bagay pa di konsa. » « Bagay konsa di pa. » « Di bagay pa konsa. » Pifò moun ki te la te ri pou pa chape. Doktè Dejan pa te di anyen ankò sou kesyon an epi li te kontinye ak atelye travay la.

 

Doktè Dejan te ka rantre nan gwo teyori ak tout konesans li genyen nan lang pou reponn  patisipan an. Men li te chwazi yon fason ki te parèt byen senp pou anseye l leson enpòtan sa a: kreyòl ayisyen se yon lang tankou tout lòt lang. Mwen ka ajoute tou se yon eritaj nou dwe bay anpil valè ak enpòtans.

 

Panyòl te vini nan Amerik ak lang panyòl. Angle te vini ak lang angle. Franse te vini ak lang franse. Pòtigè yo te vini ak lang pòtigè. Olandè te vini ak lang olandè. Pita Alman te vini tou. Yo te vini ak lang alman. Zansèt Afriken nou yo te rive nan kontinan Amerik la tou nan kondisyon tout moun deja konnen. Men gen twa bagay ki te diferan pou yo nan kesyon lang. Premye bagay, yo te rive nan kontinan an ak plizyè lang. Nou ta ka menm di ak anpil lang. Dezyèm bagay, yo pa te gen fason pou yo te pase lang yo bay pitit ak pitit pitit yo. Twazyèm bagay, nan bwasay lang yo te sòti Afrik ak yo mele ak lang Ewopeyen yo epi lang pèp natif natal kontinan Amerik la,  yo te rive kreye yon lòt lang. Sa se lang kreyòl la. Piske kreyòl blayi kò l nan tout peyi Karayib yo ak nan kèk peyi lòt kote ankò, nou rele kreyòl pa nou an « kreyòl ayisyen. » Gen anpil ekriven k ap pouse pou yo rele lang la senpman « ayisyen ». Si sa rive fèt, n a di : « Franse pale franse. Ayisyen pale ayisyen. » Se sa ki esplike poukisa nou chwazi tit nou bay atik sa a : « Kreyòl Ayisyen, yon Eritaj Enpòtan. »

 

Lang nasyonal nou makonnen ak istwa nou. Kominikasyon te enpòtan anpil pou soulèvman esklav yo te reyisi. Yo te mete Sendomeng tètanba sòti nan ane 1791 rive nan ane 1793. Istoryen yo rele peryòd sa a « Peryòd Soulèvman Esklav Sendomeng yo ».Yo te konn sèvi ak kòn lanbi pou kominike mesaj antre yo. Men lang yo te konn sèvi se te kreyòl. Nan lè sa a yo pa te rele lang la kreyòl ayisyen paske yo pat ko fonde nasyon ayisyen an. Men kominikasyon yo nan lang kreyòl la te pèmèt yo pran aksyon ansanm pou montre detèminasyon yo pou fini ak sistèm esklavaj krazezo a. Sontonaks ak Pòlverèl, de komisyonè franse nan Sendomeng, te oblije pibliye yon dokiman pou aboli lesklavaj nan Sendomeng nan ane 1973 (J.C. Dorsainvil, p. 79). Li enpòtan pou nou fè lektè yo sonje oubyen konnen Sontonaks te pibliye proklamasyon abolisman lesklavaj nan Sendomeng nan lang kreyòl tou.

 

Ewo endepandans nou yo, Tousen, Desalin, Petyon ak Kristòf, te konn sèvi ak franse pou dokiman ofisyèl yo. Tousen te pale franse. Nan mitan yo, Petyon te pi maton nan lang franse a. Men yo tout te gen moun save nan kabinè yo. Desalin te gen sekretè ki te maton nan franse tankou Bwawon Tonè (Boisrond Tonnerre), Janjak Charewon (Jean Jacques Charéron) ak yon lòt gwo save ki te rele Jis Chanlat (Juste Chanlate) (ou ka jwenn plis enfòmasyon sou sekretè Desalin yo nan paj 124, 212 e 213 liv Ernst ak Ertha Trouillot). Sekretè sa yo te ekri tout dokiman yo an franse. Bwawon Tonè te ekri Batistè Endepandans la an franse. Se konsa sa te ye paske se nan lang franse sekretè sa a yo te fè etid yo. Men lang ki te vreman makonnen tout pèp la ansanm se te kreyòl ayisyen, lang nasyonal la.

 

Malgre enpòtans lang nasyonal la nan konba ak rezistans pèp la, sa pa yon sekrè pou pèsonn jan aktè politik, sosyal, relijye, edikasyonèl e ekonomik peyi a te sèvi ak lang franse pou anpeche majorite pèp la patisipe nan bwase lide yo te konn ap fè epi tou benefisye nan resous peyi a nan tout nivo.

 

Erèzman pou tout Ayisyen, gen chanjman fondamantal ki fèt nan sitiyasyon sa a. Prèt Ayisyen pa oblije fè lamès sèlman an laten oubyen franse ankò. Pastè Ayisyen pa oblije preche an franse sèlman pou moun ka wè li se yon pastè byen enstri. Komèsan ki vle vann machandiz li tout bon oblije fè reklam an kreyòl. Ayisyen pa bat bwavo ankò pou yon politisyen paske politisyen an pale bon franse. Yo vle politisyen pale lang yo yon fason pou yo ka konprann sa l ap di. Bib franse Lwi Segon an (Louis Segond) toujou rete yon Bib fidèl Legliz Pwotestan renmen anpil. Men « Bib La », Bib kreyòl la,  vin pi popilè jounen jodi a pase Bib franse Lwi Segon an. Sa ki pi enterese, Pastè Ednè Janti rapòte « Legliz Katolik achte plis Bib la pase tout lòt denominasyon. » (Ednè Janti [Edner Jeanty], p.101.  Jounalis ki pi popilè alèkile nan mitan Ayisyen se jounalis ki bay bonjan enfòmasyon an kreyòl.

 

Ak yon dekrè nan dat 18 septanm 1979, Gouvènman Ayisyen te fè kreyòl vini lang ofisyèl nan lekòl. Dekrè sa a te mande Edikasyon Nasyonal pou mete yon papye deyò pou montre ki jan pou yo ekri lang nan.  Minis Jozèf Bèna (Joseph Bernard) te voye papye sa a bay tout lekòl yo an janvye 1980 pou ba yo enstriksyon ki jan yo ekri kreyòl ayisyen. Se te yon bon kòmansman, men mwen sonje sa te kreye yon gwo deba nan peyi a. Pifò lekòl pa te swiv enstriksyon sa a. Epi si a yo ki te deside sèvi ak kreyòl nan lekòl yo pa te gen materyèl ak resous pou fè sa.

 

Finalman, nou ka di tou erezman pou nou, Atik 5 Konstitisyon Repiblik Ayisyen 1987 la rann eritaj enpòtan sa a ofisyèl.  Yo te ekri epi pibliye konstitisyon an an franse. Me Atik 5 la:

 

“Tous les Haitiens sont unis par une langue commune, le créole. Le créole et le français sont les langues officielles de la république. » (Constitution de la République d Haiti, p. 4)

 

Nou te jwenn de tradiksyon atik sa a. Premye a se nan yon piblikasyon nan de lang Sant Ekimenik Dwa Moun.  Me li : « Tout Ayisyen pale kreyòl. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti. » (Konstitisyon Repiblik Ayiti, p. 5)

 

Dezyèm nan se nan yon piblikasyon EducaVision. Men tradiksyon an  : « Sèl lang ki simante tout Ayisyen nèt ansanm, se Kreyòl la. Kreyòl ak Franse se lang Ofisyèl Repiblik Ayiti. » Konstitisyon Repiblik Ayiti, p.2).

 

Se vre. Kreyòl ayisyen simante nou ansanm. Nou tout reve an kreyòl. Nou chante, kriye, priye, ri, adore an kreyòl. Pandan n ap vanse nan ventyèm syèk la, kreyòl ap toujou simante nou. Konsa moun mòn, moun laplenn; moun ki fini klas, moun ki li nan gwo lèt ou ki pa konn li menm ; moun lavil, moun andeyò ; fanm kou gason ; granmoun kou timoun ; Ayisyen nan dyaspora, Ayisyen ki pa janm vwayaje ; katolik kou pwotestan ; vodouyizan kou moun ki pa gen relijyon menm ; kreyòl makonnen nou tout ansanm. Menm jan ak san k ap koule nan venn nou pou ban nou lavi, an nou sèvi ak eritaj enpòtan sa a a pou nou kontinye espere, reflechi, egzamine, analize, fè rechèch, plante, etidye, bati, òganize, pwodwi, pataje epi pwoteje. Wi, pwoteje. Konsa n ap toujou rete simante youn ak lòt epi ak zansèt nou yo ki te kite eritaj enpòtan sa a pou nou. Epi si ou ta tande yon Ayisyen di li pa landan, tanpwi di Ayisyen sa a : « Pa di bagay konsa. »

 

Bibliyografi

 

Centre Oecuménique des Droits Humains, 2002. Constitution de la République d Haiti 29 mars 1987 – Konstitisyon Repiblik Ayiti 29 mas 1987, Poart au Prince, Haiti : CEDH.

 

Dòsenvil, J. K. [Dorsainville, J.–C.], 1957. Histoire d Haiti, Cours Supérieur, Port au Prince, Haiti : Editions Henri Deschamps.

 

Dejan, Yv [Dejean, Yves], 1986. Ann aprann òtograf kreyòl la, New York, N.Y.: K.A.P.A.B. (Koperativ Atis, Patriyòt ak Atizan nan Bwouklin).

 

_______, 1986. Ann etidye lang nou an, Port au Prince, Haiti : Edisyon : Demen miyò.

 

EdikaVizyon [EducaVision], 1987. Konstitisyon Repiblik Ayiti, Coconut Creek, FL: EducaVision.

 

Ednè Janti [Edner Jeanty], 2011. Le Charistianisme en Haiti, Bloominigton, In : AuthorHouse.

 

Twouyo, Èta P, ak Èns Trouillot [Trouillot, Ertha Pascal, ErnsTrouillot], 2011. Encyclopédie biographique d Haiti, Tome I, Montreal, Canada: Les Editions SEMIS, Inc.

 

 

Rony Joseph is the author of Pale Kare: Dizon Ayisyen pou tout Okazyon, a Haitian Creole idiomatic expressions book.  A native of Haiti, Mr. Joseph is currently a Project Director at Miami Dade College (MDC). He began working with MDC after spending nine and a half years at the Florida Department of Education. During that time, Mr. Joseph traveled across the State to ensure that Florida s 67 school districts and its four experimental lab schools developed and implemented programs and services for their K 12 English language learners, formerly known as LEP students. His last position at the FDOE was Senior Educational Program Director. In that capacity, he oversaw several federally funded programs, including Title I, the largest federal fund source for education of economically disadvantaged students in the State. Mr. Joseph holds a B.A. in Economics from the University of Illinois, Chicago Campus and an M. S. in Management from DePaul University at Chicago, Illinois.

 

Woni Jozèf se otè Pale Kare: Dizon Ayisyen pou tout Okazyon, yon liv ekspresyon idyomatik kreyòl. Yon Ayisyen natifnatal, Mesye Jozèf se yon Direktè Pwojè nan Kolèj Miyami Ded (KMD).  Li te koumanse travay ak KMD apre l te fin pase nèf ane edmi ap travay nan Depatman Edikasyon Florid (DEF). Pandan tan sa a, Mesye Jozèf te vwayaje nan tout Eta a pou fè si 67 distri lekòl ak kat lekòl Eksperimantasyon Florid yo te prepare epi egzikite pwogram ak sèvis pou elèv ki sòti nan kay kote paran yo pa pale angle epi ki fenk ap aprann angle.Dènye pozisyon l nan DEF se te Direktè Edikasyon Program an Chèf . Nan pozisyon sa a li te responsab plizyè program federal, ladan yo te gen pwogram Tit I, pi gwo sous lajan nan Etat a pou edikasyon elèv paran you pa gen gwo mwayen. Mesye Jozèf te fè yon lisans nan ekonomi nan Inivèsite Ilinwa nan Chikago epi yon metriz nan Administrasyon nan Inivèsite Depòl toujou nan Chikago, Ilinwa.

 

 


No Comments


Leave a comment

You must be logged in to post a comment.