Èske w konnen ke chante se yon bon zouti pou anseye?
O O! Ou pa t konnen?!!! Kisa menm?!!!!
M ap parye avè w, ti chante ou te konn chante nan klas matènèl, menm lè ou vin granmoun ou toujou sonje yo.
Enben, se pou tèt sa timoun nan lekòl ki nan lis anba yo pral chante alfabè kreyòl la pou yo ka retni l pi byen.
Sa k pi bèl la, gen bon ti tanbou ak rit nan chante a ki soti nan tradisyon kiltirèl yo, ki pral fè yo retni alfabè a pi byen toujou, san konte jan yo pral brase ti dada yo. Men wi, se konsa moun aprann wi … avèk plezi 🙂
Recent Comments