READ OUR NEWS

Creole Lingo!

 

Institution Mixte Père Farnese1

Institution Mixte Père Farnèse Louis Charles, avèk direktè Henry Evaince pral chante alfabè kreyòl la

Institution Mixte Père Farnese

 Woni Jozèf (Rony Joseph)

 

Youn nan bagay ki fè fyète yon pèp, yon peyi oubyen yon nasyon se lang pèp la, lang peyi a oubyen lang nasyon an. Nan kèk peyi, yo asosye lang peyi a ak kèk gran ekriven peyi a. Pa egzanp, lè yo ap pale de lang franse, yo di « lang Vòltè (Voltaire) ». Pou panyòl yo di « lang Sèvanntès (Cervantes) » . Pou angle, yo di « lang Shekspi (Shakespeare)». Kantite liv ak atik yo pibliye an kreyòl ap ogmante pi plis chak jou. Men ponkò gen yon antant sou ki ekriven ayisyen ki dwe jwe wòl sa a pou kreyòl ayisyen.

 

Si nou ta mande yon gwoup ayisyen pou bay lis kèk bagay ki fè fyète pèp ayisyen, kèk bagay ki reprezante yon eritaj enpòtan pou Ayisyen, nou ta jwenn repons tankou, istwa nou, mizik nou, manje nou, kèk nan moniman istorik nou yo tankou Sitadèl. Gen chans pou se pa anpil nan yo ki ta va mansyonnen kreyòl ayisyen. Èske ou se youn ki ta p di kreyòl ayisyen? Poutan kreyòl ayisyen se youn nan eritaj enpòtan nou yo. Nou pa pwopaje nouvèl sa a ase. Pètèt akòz prejije oubyen inyorans anpil nan nou, si se pa pifò nan nou, kont lang nasyonal nou.

Institution mixte Martin Luther king, ki nan 108 Ave Galaxie, e ke direktè St Émois Rejeté ap dirije. Yo pral chante alfabè kreyòl la.

Institution mixte Martin Luther king, ki nan 108 Ave Galaxie, e ke direktè St Émois Rejeté ap dirije. Yo pral chante alfabè kreyòl la.

Pandan m ap reflechi sou kesyon an, mwen sonje yon eksperyans m p ap janm bliye. Yon jou mwen te nan yon atelye travay Doktè Iv Dejan (Yves Dejean) t ap fè pou yon gwoup pwofesè ak lòt edikatè Etazini sou enpòtans lang kreyòl ayisyen nan travay ak fanmiy epi timoun ayisyen ki sòti Ayiti epi ki fenk rantre nan sistèm edikasyon Etazini. Doktè Dejan te apenn koumanse atelye travay la lè youn nan patisipan yo te fè yon deklarasyon ki te siprann anpil moun. Li te di: « Men Doktè Dejan, kreyòl ayisyen pa yon lang.»  Mwen te enterese anpil pou m te wè kijan Doktè Dejan t a pral reponn patisipan an. Pou moun ki pa konnen, Doktè Dejan se yon gwo otorite, yon save nan zafè lang epi youn nan pyonye ki ede leve etanda kreyòl ayisyen. Nou bay tit de nan liv li yo nan referans pou atik sa a.  Se yon deklarasyon nou te konn tande anpil lontan. Èrèzman, se pa yon bagay nou tande souvan jounnen jodi a, byenke gen anpil moun ki toujou ap rezonnen konsa. Pandan m te ap tann repons Doktè Dejan, m te ap poze tèt mwen kesyon sa a: Se kilès nan de bagay sa a yo ki te pouse patisipan an fè deklarasyon sa a : prejije oubyen inyorans ? Mwen pi kwè se te inyorans. Men li ka te tou de alafwa, paske prejije ak inyorans byen souvan chita sou menm chèz epi dòmi nan menm kabann.

Institution Mixte Luzia Academy avèk direktè Sinnelon Busnel pral chante alfabè kreyòl la.

Institution Mixte Luzia Academy avèk direktè Sinnelon Busnel pral chante alfabè kreyòl la.

 

San bri san kont, Doktè Dejan ekri fraz sa a  sou yon tablo: « Pa di bagay konsa. » Epi li di patisipan an, « Si kreyòl ayisyen pa yon lang, ranje mo nan fraz sa a nan fason ou vle epi esplike m sa ou vle di. »  Patisipan an te rete bèkèkè. Li pa te di anyen. Kèk lòt moun nan atelye travay la te konprann kote Doktè Dejan te vle rive. Gen youn ki di: «Si patisipan an pa kabab, enben an nou ede l.» Tout moun te kòmanse ede patisipan an ranje mo fraz la lòt jan.  Men kèk nan konbinezon yo te pwopoze l: «Konsa di pa bagay. » « Di pa konsa bagay. »  « Di konsa pa bagay. » « Bagay pa konsa di. » « Bagay pa di konsa. » « Bagay konsa di pa. » « Di bagay pa konsa. » Pifò moun ki te la te ri pou pa chape. Doktè Dejan pa te di anyen ankò sou kesyon an epi li te kontinye ak atelye travay la.

 

Doktè Dejan te ka rantre nan gwo teyori ak tout konesans li genyen nan lang pou reponn  patisipan an. Men li te chwazi yon fason ki te parèt byen senp pou anseye l leson enpòtan sa a: kreyòl ayisyen se yon lang tankou tout lòt lang. Mwen ka ajoute tou se yon eritaj nou dwe bay anpil valè ak enpòtans.

 

Panyòl te vini nan Amerik ak lang panyòl. Angle te vini ak lang angle. Franse te vini ak lang franse. Pòtigè yo te vini ak lang pòtigè. Olandè te vini ak lang olandè. Pita Alman te vini tou. Yo te vini ak lang alman. Zansèt Afriken nou yo te rive nan kontinan Amerik la tou nan kondisyon tout moun deja konnen. Men gen twa bagay ki te diferan pou yo nan kesyon lang. Premye bagay, yo te rive nan kontinan an ak plizyè lang. Nou ta ka menm di ak anpil lang. Dezyèm bagay, yo pa te gen fason pou yo te pase lang yo bay pitit ak pitit pitit yo. Twazyèm bagay, nan bwasay lang yo te sòti Afrik ak yo mele ak lang Ewopeyen yo epi lang pèp natif natal kontinan Amerik la,  yo te rive kreye yon lòt lang. Sa se lang kreyòl la. Piske kreyòl blayi kò l nan tout peyi Karayib yo ak nan kèk peyi lòt kote ankò, nou rele kreyòl pa nou an « kreyòl ayisyen. » Gen anpil ekriven k ap pouse pou yo rele lang la senpman « ayisyen ». Si sa rive fèt, n a di : « Franse pale franse. Ayisyen pale ayisyen. » Se sa ki esplike poukisa nou chwazi tit nou bay atik sa a : « Kreyòl Ayisyen, yon Eritaj Enpòtan. »

 

Lang nasyonal nou makonnen ak istwa nou. Kominikasyon te enpòtan anpil pou soulèvman esklav yo te reyisi. Yo te mete Sendomeng tètanba sòti nan ane 1791 rive nan ane 1793. Istoryen yo rele peryòd sa a « Peryòd Soulèvman Esklav Sendomeng yo ».Yo te konn sèvi ak kòn lanbi pou kominike mesaj antre yo. Men lang yo te konn sèvi se te kreyòl. Nan lè sa a yo pa te rele lang la kreyòl ayisyen paske yo pat ko fonde nasyon ayisyen an. Men kominikasyon yo nan lang kreyòl la te pèmèt yo pran aksyon ansanm pou montre detèminasyon yo pou fini ak sistèm esklavaj krazezo a. Sontonaks ak Pòlverèl, de komisyonè franse nan Sendomeng, te oblije pibliye yon dokiman pou aboli lesklavaj nan Sendomeng nan ane 1973 (J.C. Dorsainvil, p. 79). Li enpòtan pou nou fè lektè yo sonje oubyen konnen Sontonaks te pibliye proklamasyon abolisman lesklavaj nan Sendomeng nan lang kreyòl tou.

 

Ewo endepandans nou yo, Tousen, Desalin, Petyon ak Kristòf, te konn sèvi ak franse pou dokiman ofisyèl yo. Tousen te pale franse. Nan mitan yo, Petyon te pi maton nan lang franse a. Men yo tout te gen moun save nan kabinè yo. Desalin te gen sekretè ki te maton nan franse tankou Bwawon Tonè (Boisrond Tonnerre), Janjak Charewon (Jean Jacques Charéron) ak yon lòt gwo save ki te rele Jis Chanlat (Juste Chanlate) (ou ka jwenn plis enfòmasyon sou sekretè Desalin yo nan paj 124, 212 e 213 liv Ernst ak Ertha Trouillot). Sekretè sa yo te ekri tout dokiman yo an franse. Bwawon Tonè te ekri Batistè Endepandans la an franse. Se konsa sa te ye paske se nan lang franse sekretè sa a yo te fè etid yo. Men lang ki te vreman makonnen tout pèp la ansanm se te kreyòl ayisyen, lang nasyonal la.

 

Malgre enpòtans lang nasyonal la nan konba ak rezistans pèp la, sa pa yon sekrè pou pèsonn jan aktè politik, sosyal, relijye, edikasyonèl e ekonomik peyi a te sèvi ak lang franse pou anpeche majorite pèp la patisipe nan bwase lide yo te konn ap fè epi tou benefisye nan resous peyi a nan tout nivo.

 

Erèzman pou tout Ayisyen, gen chanjman fondamantal ki fèt nan sitiyasyon sa a. Prèt Ayisyen pa oblije fè lamès sèlman an laten oubyen franse ankò. Pastè Ayisyen pa oblije preche an franse sèlman pou moun ka wè li se yon pastè byen enstri. Komèsan ki vle vann machandiz li tout bon oblije fè reklam an kreyòl. Ayisyen pa bat bwavo ankò pou yon politisyen paske politisyen an pale bon franse. Yo vle politisyen pale lang yo yon fason pou yo ka konprann sa l ap di. Bib franse Lwi Segon an (Louis Segond) toujou rete yon Bib fidèl Legliz Pwotestan renmen anpil. Men « Bib La », Bib kreyòl la,  vin pi popilè jounen jodi a pase Bib franse Lwi Segon an. Sa ki pi enterese, Pastè Ednè Janti rapòte « Legliz Katolik achte plis Bib la pase tout lòt denominasyon. » (Ednè Janti [Edner Jeanty], p.101.  Jounalis ki pi popilè alèkile nan mitan Ayisyen se jounalis ki bay bonjan enfòmasyon an kreyòl.

 

Ak yon dekrè nan dat 18 septanm 1979, Gouvènman Ayisyen te fè kreyòl vini lang ofisyèl nan lekòl. Dekrè sa a te mande Edikasyon Nasyonal pou mete yon papye deyò pou montre ki jan pou yo ekri lang nan.  Minis Jozèf Bèna (Joseph Bernard) te voye papye sa a bay tout lekòl yo an janvye 1980 pou ba yo enstriksyon ki jan yo ekri kreyòl ayisyen. Se te yon bon kòmansman, men mwen sonje sa te kreye yon gwo deba nan peyi a. Pifò lekòl pa te swiv enstriksyon sa a. Epi si a yo ki te deside sèvi ak kreyòl nan lekòl yo pa te gen materyèl ak resous pou fè sa.

 

Finalman, nou ka di tou erezman pou nou, Atik 5 Konstitisyon Repiblik Ayisyen 1987 la rann eritaj enpòtan sa a ofisyèl.  Yo te ekri epi pibliye konstitisyon an an franse. Me Atik 5 la:

 

“Tous les Haitiens sont unis par une langue commune, le créole. Le créole et le français sont les langues officielles de la république. » (Constitution de la République d Haiti, p. 4)

 

Nou te jwenn de tradiksyon atik sa a. Premye a se nan yon piblikasyon nan de lang Sant Ekimenik Dwa Moun.  Me li : « Tout Ayisyen pale kreyòl. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti. » (Konstitisyon Repiblik Ayiti, p. 5)

 

Dezyèm nan se nan yon piblikasyon EducaVision. Men tradiksyon an  : « Sèl lang ki simante tout Ayisyen nèt ansanm, se Kreyòl la. Kreyòl ak Franse se lang Ofisyèl Repiblik Ayiti. » Konstitisyon Repiblik Ayiti, p.2).

 

Se vre. Kreyòl ayisyen simante nou ansanm. Nou tout reve an kreyòl. Nou chante, kriye, priye, ri, adore an kreyòl. Pandan n ap vanse nan ventyèm syèk la, kreyòl ap toujou simante nou. Konsa moun mòn, moun laplenn; moun ki fini klas, moun ki li nan gwo lèt ou ki pa konn li menm ; moun lavil, moun andeyò ; fanm kou gason ; granmoun kou timoun ; Ayisyen nan dyaspora, Ayisyen ki pa janm vwayaje ; katolik kou pwotestan ; vodouyizan kou moun ki pa gen relijyon menm ; kreyòl makonnen nou tout ansanm. Menm jan ak san k ap koule nan venn nou pou ban nou lavi, an nou sèvi ak eritaj enpòtan sa a a pou nou kontinye espere, reflechi, egzamine, analize, fè rechèch, plante, etidye, bati, òganize, pwodwi, pataje epi pwoteje. Wi, pwoteje. Konsa n ap toujou rete simante youn ak lòt epi ak zansèt nou yo ki te kite eritaj enpòtan sa a pou nou. Epi si ou ta tande yon Ayisyen di li pa landan, tanpwi di Ayisyen sa a : « Pa di bagay konsa. »

 

Bibliyografi

 

Centre Oecuménique des Droits Humains, 2002. Constitution de la République d Haiti 29 mars 1987 – Konstitisyon Repiblik Ayiti 29 mas 1987, Poart au Prince, Haiti : CEDH.

 

Dòsenvil, J. K. [Dorsainville, J.–C.], 1957. Histoire d Haiti, Cours Supérieur, Port au Prince, Haiti : Editions Henri Deschamps.

 

Dejan, Yv [Dejean, Yves], 1986. Ann aprann òtograf kreyòl la, New York, N.Y.: K.A.P.A.B. (Koperativ Atis, Patriyòt ak Atizan nan Bwouklin).

 

_______, 1986. Ann etidye lang nou an, Port au Prince, Haiti : Edisyon : Demen miyò.

 

EdikaVizyon [EducaVision], 1987. Konstitisyon Repiblik Ayiti, Coconut Creek, FL: EducaVision.

 

Ednè Janti [Edner Jeanty], 2011. Le Charistianisme en Haiti, Bloominigton, In : AuthorHouse.

 

Twouyo, Èta P, ak Èns Trouillot [Trouillot, Ertha Pascal, ErnsTrouillot], 2011. Encyclopédie biographique d Haiti, Tome I, Montreal, Canada: Les Editions SEMIS, Inc.

 

 

Rony Joseph is the author of Pale Kare: Dizon Ayisyen pou tout Okazyon, a Haitian Creole idiomatic expressions book.  A native of Haiti, Mr. Joseph is currently a Project Director at Miami Dade College (MDC). He began working with MDC after spending nine and a half years at the Florida Department of Education. During that time, Mr. Joseph traveled across the State to ensure that Florida s 67 school districts and its four experimental lab schools developed and implemented programs and services for their K 12 English language learners, formerly known as LEP students. His last position at the FDOE was Senior Educational Program Director. In that capacity, he oversaw several federally funded programs, including Title I, the largest federal fund source for education of economically disadvantaged students in the State. Mr. Joseph holds a B.A. in Economics from the University of Illinois, Chicago Campus and an M. S. in Management from DePaul University at Chicago, Illinois.

 

Woni Jozèf se otè Pale Kare: Dizon Ayisyen pou tout Okazyon, yon liv ekspresyon idyomatik kreyòl. Yon Ayisyen natifnatal, Mesye Jozèf se yon Direktè Pwojè nan Kolèj Miyami Ded (KMD).  Li te koumanse travay ak KMD apre l te fin pase nèf ane edmi ap travay nan Depatman Edikasyon Florid (DEF). Pandan tan sa a, Mesye Jozèf te vwayaje nan tout Eta a pou fè si 67 distri lekòl ak kat lekòl Eksperimantasyon Florid yo te prepare epi egzikite pwogram ak sèvis pou elèv ki sòti nan kay kote paran yo pa pale angle epi ki fenk ap aprann angle.Dènye pozisyon l nan DEF se te Direktè Edikasyon Program an Chèf . Nan pozisyon sa a li te responsab plizyè program federal, ladan yo te gen pwogram Tit I, pi gwo sous lajan nan Etat a pou edikasyon elèv paran you pa gen gwo mwayen. Mesye Jozèf te fè yon lisans nan ekonomi nan Inivèsite Ilinwa nan Chikago epi yon metriz nan Administrasyon nan Inivèsite Depòl toujou nan Chikago, Ilinwa.

 

 


IMG_5165

Se Carline A. Jean Louis, otè atik sa a

Pa gen manti nan sa, mo k ap domine  aktyalite a nan 21èm syèk sa a se < Mondyalizasyon>. Se pa ti pale anpil tèm sa fè. Mesye biznismann yo sèvi avè l paske li pèmèt yo blayi komès yo sou tout tè a. Se menm koze mondyalizasyon sa a ki lakòz yon bann moun al nan peyi etranje pou y al chache lavi miyò swa akoz move sityasyon ekonomik, chomaj, pi gwo ap maspinen pi piti oswa katastwòf natirèl.

Lefètke moun yo deplase kon sa sa vin lakòz diferant kalite lang, kilti, ras, relijyon nan lekòl yo. Nou ka pran egzanp Florida (Etazini) kote plis pase 50% timoun nan preskolè (kindergarten) soti nan fanmi ki pa Ameriken. Kòman paran ak pwofesè  ka ede timoun yo pale lang natif natal yo tou pandan y ap pale youn dezyèm lang?

Kòman nou ka defini lang natif natal?

Lang natif natal se premye lang timoun aprann depi yo ti katkat. Pou yon moun ki pale de (2) lang an menm tan lè l tou piti lang natif natal li se sila a li pale tout tan lakay anvan l bon pou lekòl. Li posib pou yon moun gen de (2) lang natif natal si l toujou pale epi konprann tou lè de (2). Nan ka you timoun ki poko konn pale, lang natif natal li se sila yo pale lakay li pi souvan. Si yo toujou pale de (2) lang avè l, l ap gen de (2) lang natif natal

You timoun ka rive pale lang natif natal li lè yo toujou pale l avè l. Li kapab aprann lè l tande, pale ak moun lakay li, pwofesè ak zanmi. Degaje nou kou mèt Janjak pou n pale lang natif natal ak timoun nou; di yo non bagay ki anndan kay la, di yo sa n ap fè, pale de santiman nou, rakonte istwa, di sa ki nan panse nou, chante, bay kont, rakonte istwa nan lang manman nou.

Natirèlman, you timoun bezwen tan pou l konprann  lang lan . Sa vle di l ap pran tan pou l tande, men li p ap kouri pale lapoula. Fòk nou ba l tan pou l fè pwogrè nan lang natif natal la.

Pafwa timoun nan ap ka melanje mo ki soti nan tou lè de (2) lang pou l ranplase sa li pa konnen. Atann nou aske l  fè fot. Se sa k ap pèmèt  li pi byen konprann lang lan.

You moun ka aprann you dezyèm lang kèlkeswa laj li men plis li koumanse pi bonè se plis l ap atrap lang lan pi fasil. Se sa k fè li enpòtan pou you timoun aprann pale kèlkelanswa lang lan avèk moun ki byen pale l. Pito l aprann ou sèl lang byen tan pou l fè charabya nan de (2) lang.

Men kèk fason nou ka ede yon timoun pale lang natif natal li ak you dezyèm lang:

Yon paran-yon lang: si manman an pale you lang, papa a ap pale lòt lang lan.

Yon kote-yon lang: lakay pale you lang, lekòl pale lòt lang lan

Yon aktivite- yon lang: Lè timoun nan ap benyen nou pale yon lang, lè l ap manje nou pale yon lòt lang

An n pran kote paran an pale tou de (2) lang yo byen. Sa konn rive li soti nan you lang la l janbe  nan lòt la lè l ap pale ak timoun li. Sa p ap tèlman deranje timoun lan. Men apwòch <yon paran-yon lang> lan ap pèmèt timoun lan pale lang natif natal li tou pandan l ap kontinye evolye nan dezyèm lang lan.Timoun ou bezwen tande toulede lang yo tout tan pou l rive pale yo. Antanke paran, se ou ki pou deside ki lang ki pou pale nan fanmi an, ak vizitè. Si gen youn nan de (2) lang yo ou pa fin kodyòm avè l, pale lang natif natal ou.

An n analize yon lòt sitiyasyon kote timoun nan pre pou preskolè (kindergarten). Souvan nan espas sa yo nou sèvi ak yon lang ke nou pa prèske pale lakay nou. Sa pa grav; kontinye pale lang natif natal avè l. Si nou pa fè sa, non sèlman timoun nou ap bliye lang natif natal la , li ka pa janm rive ni pale l ni konprann li  ankò.

Foure sa byen nan tèt nou: lè yon timoun pale de (2) lang, li p ap janm bwouye. Sèvo l gen kapasite pou l aprann  plis  pase you lang. Anpil kote sou tè a timoun aprann de  (2) lang san pwoblèm. Rechèch montre ke sa ede timoun yo aprann li, ekri pi byen. Yo konnen plis mo, sa k pi bèl la yo pi alèz pou yo jwe ak son yo, yo konpann règ gramè yo pi byen.

N ap repete l ankò menm si nou pale lang natif natal ak timoun nou li reponn nou an angle , pa dekouraje. Lefètke l tande sèlman sa ap ede l aprann. Gade fim, li liv, fè jwèt nan lang natif natal. Fè tout kalite aktivite k ap mete timoun nou an kontak ak lang lan, Mezanmi pran plezi nou nan pale lang natif natal nou konsa nou p ap kite tren mondyalizasyon an kraze idantite nou.

Instittion Mixte le Realiste1

Institution Mixte Le Realiste pral chante alfabè kreyòl la.

Institution Mixte Le Realiste wall


 

11754881_797367813713505_8861594260467406408_o

Michel DeGraff, pwofesè lengwistik nan inivèsite MIT. Direktè MIT-AYITI Inisyativ la

Ki Wòl Teknoloji nan Lekòl Ayiti yo?

Ki chanjman teknoloji venteyinyèm syèk la te pote nan lekòl Ayiti yo?

Èske lekòl Ayiti pwofite boum teknoloji a pou amelyorize aprantisaj nan lekòl yo pa mwayen bon zouti ledikasyon ki disponib a tout elèv yo?

Si ou se yon elèv lekòl, èske w kapab di kouman lekòl ou itilize teknoloji pou met lekòl ou  an ‘tèt anwo’? Pou rivalize lekòl la e mete l kanpe tankou yon fanal pou tout lòt yo suiv?

Kòm yon elèv, èske lekòl ou an ankouraje elèv yo patisipe nan jwèt olenpik matematik, nan konpetisyon wobotik, nan konkou ekspoze lasyans, konkou òtograf, ekspoze teknoloji, nan yon nivo lokal, nasyonal, e entènasyonal?

Èske ou tande pale de MIT-Ayiti Inisyativ la?

Chita tande.

Bòn nouvèl la, sèke MIT-Ayiti Inisyativ la, yon pwogram ki genyen alatèt li Michel DeGraff, yon pwofesè lengwis nan inivèsite MIT. Se yon zouti ki itilize teknoloji ansanm ak lang kreyòl la nan ansèyman sijè matematik, lasyans, fizik, ak teknoloji.

Si nou t ap chache yon fraz tokay pou MIT-AYITI Inisyativ la, nou ta chwazi LEDIKASYON A WO NIVO POU TOUT MOUN, paske se sa li ye. Teknoloji Inisyativ la itilize lang kreyòl la, lang ke tout Ayisyen ap pale depi nan vant manman yo, nan dè leson ki  entèraktif, yon metòd leson ki ankouraje elèv yo devlope refleksyon kritik yo, ki djigèt lespri elèv yo. E ou konnen depi yon timoun byen rakwoche avèk abilite pou li panse kritikman, zo bwa tèt yo vin louvri, enpi konesans jayi antre anndan sèvèl tèt timoun nan. Sa vin fè timoun nan genyen bon estim pou tèt li. E se konsa lidè, doktè, enfimyè, enjenyè, lengwis, agwonòm, tout kalite pwofesyonèl gen koumansman yo.

Mwen ta renmen w al fouye sit MIT-HAITI a, kon moun k ap chache zo nan kalalou. E m ta renmen w feyte paj resous yo grenn pa grenn. An verite, ou va jwenn yon trezò, yon zouti ki va penmèt ou detere trezò avansman peyi a, yon trezò ki gen potansyalite pou l fè peyi a rich depase.

Ale nan lyen sa yo, e pataje l ak tout moun ou konnen:

Fouye nan sit MIT-HAITI a: https://haiti.mit.edu

Klike renmen pou paj Facebook MIT-HAIT ahttps://www.facebook.com/mithaiti

Lyen sa a se manman trezò a, tout sa ou bezwen konnen sou mouvman pou pwogrese lekòl Ayiti yo ladan l. Tanpri tcheke lyen sa a: MIT Department of Linguistics

Li atik sa ki va eksplike w poukisa nou dwe akeyi Inisyativ la: www.academia.edu 

 

 


 

Alfabè kreyòl la

Alfabè kreyòl la

Se sa Institution Mixte La Foi

Direktè Myrthil, avèk timoun nan Institution Mixte La Foi, pral chante alfabè kreyòl la.

 

Anvan nou reponn kesyon sa a, an nou pran yon pespektiv kòm yon moun andeyò peyi a.

Pa egzanp, an nou panse ak ti Ameriken yo. Lè ti Ameriken yo ap grandi lakay yo, depi anvan yon gen yon ti gren dan nan bouch, paran yo koumanse chache ti resous kote yo aprann rekonèt lèt avèk son ki nan lang manman yo. Mezanmi! Timoun nan kouchèt, poko menm koumanse rale menm, paran yo gentan ap pase kat devan boul grenn je timoun nan, pou fè l li. Konsa, distans pou yo rive nan klas matènèl, timoun sa yo gentan gen yon bon dòz. Bon, kou timoun nan mete pye nan lekòl matènèl la, yo vin fin ranfòse sa yo te aprann nan. Lekòl la mete imaj lèt yo devan yo. Lekòl la mete foto atik ki gen son lèt yo devan timoun yo. Lekòl la montre timoun yo chante ak videyo ki genyen lèt ak son lèt yo. Enpi lekòl la fè timoun yo koumanse kole mo ak fraz avèk lèt yo.  Donk mwen pa bezwen di w yon timoun konsa, ki byen fonde e byen kore,  pare pou antame aprantisaj lekòl primè, segondè oubyen pos-segondè k ap tann li. Yon timoun kon sa va rive lwen, li p ap gen konfizyon paske yo te ba li tout zouti ki disponib pou te fè l rive kote l rive a.

Kounye a, an nou pran yon bèl ti peyi tankou Ayiti. Peyi a gen bèl timoun. Peyi a gen paran k ap travay di. Tout paran Ayisyen konnen se edikasyon ki bay. Donk tout paran fè zefò pou mennen bèl ti pitit yo lekòl. Kounye a ke timoun yo rive lekòl, bripsoukou, bagay la chanje an franse. Dènye sa timoun nan te konnen ak tande lè li t ap grandi lakay li pa aplike ankò. Èske w panse timoun nan pa ta benefisye plis si yo te devlope konesans li sou lang li te konnen depi l piti a? Gen moun ki ta mande, èske sa vle di ke nou lage franse a atè? Non aktyèlman, sa vle di ke yo va itilize lang matènèl timoun nan pou edike sou tout matyè, e sa enkòpore lang franse a tou.

Avèk teknoloji avanse k ap fè pwogrè nan tout monn nan, genyen anpil opòtinite pou mete plizyè zouti devan timoun nan dekwa pou l kapab gen yon bon fondasyon.

Donk, ann reponn kesyon an, timoun nan ta dwe ap benyen nan òtograf kreyòl la depi lè l piti. Distans pou timoun nan gen laj pou l antre nan klas matènèl, se pou l ta kapab ba w alfabè lang li sou de chèz.


Timoun nan College Mixte Coeur de Jesus ki nan 82 Waney 93, avèk direktè Elann Pierre Louis, yon moun ki chache fè vwo diferans nan ledikasyon peyi a, pral chante alfabè kreyòl la.

College Mixte Coeur de Jesus wall

Ki sa chante alfabè a fè pou timoun ki ap aprann alfabè kreyòl la?

  1. Li ede timoun yo aprann avèk yon grap plezi. Yo vin bliye si se aprann y ap aprann.
  2. Li ede yo memorize lèt ak son yon byen vit, san dlo nan je.
  3. Yo vin retni alfabè a pou tout tan. Yo pa gen dwa janm bliye l. E li va sèvi yo pou pita nan lòt klas. Li va ede yo fè diferans ant alfabè kreyòl la ak alfabè franse a.
  4. Li ede yo respekte lang kreyòl la kòm yon lang separe de lang franse a, ki gen pwòp òtograf pa li.
  5. Li vin grandi nan yon medyòm kote lang kreyòl la deja asepte kòm yon lang kòdyòm. Li pa janm asosye lang sa a avèk moun ki pa edike, menm jan anpil ayisyen te aprann lè yo t ap grandi, lè yo t ap pini yo nan lekòl paske yo te pale kreyòl.
  6. Yo kapab fè plis toujou. Yo vin konnen ki lèt ki vini apre yon lòt. Yo vin kapab li alfabè a nanvè kou nandwat.


Les P’tits Mômes pral chante alfabè kreyòl la

Les P'tits Mômes

Les P’tits Mômes

Mizik, se youn nan metòd ki trè agreyab pou aprann. Sitou si w annafè ak timoun, mizik kapab kapte enterè yo pi vit, enpi sa vin fè yo aprann fasil tou. Si ou se yon pwofesè lekòl, ou pa bezwen konn chante tankou yon vedèt pou tounen leson ou nan yo rit mizik ke timoun yo kapab chante.

Mizik kapab ede timoun retni enfòmasyon pi byen.

Mizik kapab ede timoun konprann jan enfòmasyon an kategorize oubyen klasifye.

Yon lòt fason ou kapab ede timoun aprann yon done byen vit ak mizik, se lè ou itilize yon lè chante ke timoun nan konnen deja, enpi ou mete done enfòmasyon ke w bezwen timoun nan aprann nan nan chante a.

Bon, si ou ta enkòpore jès ak danse nan chante a, se lè sa ou ta wè mèvèy mizik kapab fè.

N ap bay bèl konpliman a direktris Marie Nueva ki te enterese elèv nan lekòl li a, Les P’tits Mômes Kindergaten, ki nan 22 Rue Guerrier, Waney 93 pou chante alfabè kreyòl la. Bon travay mezanmi!


Ki jan pou fè bèl rekòt nan yon jaden?

1. Chache grenn ke w vle plante. Plizyè moun toujou chache pi bon grenn yo. Pa egzanp si yo te manje yon mango ki dous anpil, se grenn mango sa a ke yo va plante.

2. Sòl pou jaden an dwe anfòm. Prepare li byen. Èske w janm konn yon moun ki al plante nan yon teren plen wòch ak sab?

3. Èske anviwònman an bon pou pwomote kwasman plant lan? Èske ou ta mete yon plant anba yon tab kote plant lan p ap janm wè limyè?

4. Plante grenn nan. Ou janm konnen gen moun k ap tann rekòt san yo pa t plante?

5. Wouze li. Se moun fou sèlman ki ta plante, enpi pou l pa jam wouze oubyen bay plant lan laswenyay.

6. Ba plant lan bon swen jouk tan lè rekòt la va vini, pou jwi bèl fwi.

Ledikasyon se grenn nan

Lekòl la se jaden an.

Kalite ansèyman avèk aprantisay la se bon laswenyay

Plant lan se elèv yo.

An nou plante bon grenn pou elèv nou yo ka ba nou bon rannman.

Le jardin Fleuri D'Aisha WallLe Jardin Fleuri D'Aisha


Foreigners are able to watch this video, about the Haitian Creole alphabet. The video is in Creole and subtitled in English. Please watch and learn about the progress of the Haitian mother tongue.

 


Si yon etranje ta mande w ransèyman sou alfabè lang manman w, kisa w ta reponn li? E si etranje a ta mande w pou montre kijan yo pwononse lèt ki nan alfabè kreyòl la, kisa w ta di li?

Si w se yon Ayisyen, ki fèt nan kreyòl, ki leve Ayiti, ki pase lekòl Ayiti, enpi ou pa konnen alfabè pwòp lang ou, tanpri li tout enfòmasyon sa yo pou w edike tèt ou sou pwòp lang pa w la.

Sa se yon deskriptif sou DVD chante alfabè kreyòl la ki ba ou enfòmasyon sou alfabè kreyòl la. Li genyen plizyè lyen tou, ki va dirije ou sou plis resous toujou:

Ou kapap jwenn paj sa a nan lyen sa a: https://www.facebook.com/photo.php?fbid=10154084424848872&set=p.10154084424848872&type=3&__mref=message_bubble

Ou kapap jwenn paj sa a nan lyen sa a:  Paj 1

Ou kapab jwenn paj sa e telechaje li nan lyen sa a: Paj 2

Ou kapab jwenn paj sa e telechaje li nan lyen sa a: Paj 2

 

 

 

 

 

Institution Mixte Jean Chrysostome

Institution Mixte Jean Chrysostome, 9 Rue Apollon, Waney 93 ak direktè Honoré Pierre Jolius, ki te chante alfabè kreyòl la.

 


Ecole Le Bon Samaritain

Timoun nan lekòl Le Bon Samaritain yo pral chante alfabè kreyòl la

Ki laj ou te genyen lè w te aprann pale kreyòl?

Ki laj ou te genyen lè ou te aprann pale franse?

Ki laj ou te genyen lè ou te aprann alfabè franse a?

Ki laj ou te genyen, mezanmi, lè ou te aprann alfabè kreyòl la?!!

Direktè Louis James nan Ecole Bon Samaritain ki nan 26 Rue Jonatan, nan Waney 93 di konsa, elèv lekòl li yo pral aprann ni alfabè franse ni alfabè kreyòl la.

Tande non! Lè timoun nan aprann tou de (2) lang yo, li vin aprann apresye diferans ak similarite ki genyen nan de (2) lang yo.

Li vin aprann ke franse se yon lang, e kreyòl se yon lang tou.

Kreyòl la pa rete ak franse a. Kreyòl la rele tèt li chè mèt chè metrès.

Sa pa vle di nou meprize franse a non!

O non non non!

Lè nou bay toude lang yo plas grandèt yo, sa vle di:

Nou gen apresyasyon pou tou de (2) lang yo.

Nou rekonèt toude lang yo kòm granmoun tèt pa yo.

Nou vin rekonèt ki moun nou ye.

Nou vin bay lang manman nou respè.

Nou vin près pou chanje figi edikasyon peyi ya.

Enhen! Ou pa t janm panse l kon sa non!!!!!!!