Si w di alfabè angle a ann angle, ou di alfabè franse a an franse, enpi w di alfabè panyòl ann espanyòl, se pou w di alfabè kreyòl la an kreyòl.

Institution Mixte St joseph avèk direktris Rose Régis pral chante alfabè kreyòl la. Kontinye konsa. Ala bèl travay n ap fè nan depatman kote nou ye a!!! Konpliman.
N ap bat yon gwo kout bravo pou tout lekòl ki deja chante alfabè kreyòl la an kreyòl.

Nouveau Collège Mixte Rio Bravo kanpe kinalaganach. Anpil konpliman pou yo ak direktè yo Montrevil Renal ki pral chante alfabè kreyòl la.
No Comments