[caption id="attachment_13639" align="alignright" width="300"] Institution Mixte Rocher d'Horeb, nan Mariani 1 rue ODM, avèk direktè Lafleur Jn Hérold ap fè gran pwogrè lè yo chante alfabè kreyòl la.[/caption]
Direktè Jean Louis Cassagnol ki ap dirije lekòl Institution Mixte Juvénile, ak direktè Lafleur Jn Hérold ki ap dirije lekòl Institution Mixte Rocher d'Horeb ap fè gwo pa an avan. Yo pral chante alfabè kreyòl la. N ap di yon gwo ochan pou yo. Ou kapab tcheke enfòmasyon sou DVD chante alfabè kreyòl la nan lyen sa yo: Paj 1 deskriptif DVD alfabè kreyòl la e Paj 2 deskriptif DVD alfabè kreyòl la.
Se elèv lekòl Institution Mixte Juvénile ki nan foto anwo tèt paj la.
READ OUR NEWS
Creole Lingo!
21
Apr
20
Apr
Si w di alfabè angle a ann angle, ou di alfabè franse a an franse, enpi w di alfabè panyòl ann espanyòl, se pou w di alfabè kreyòl la an kreyòl.
[caption id="attachment_7537" align="alignright" width="300"]
Institution Mixte St joseph avèk direktris Rose Régis pral chante alfabè kreyòl la. Kontinye konsa. Ala bèl travay n ap fè nan depatman kote nou ye a!!! Konpliman.[/caption]
N ap bat yon gwo kout bravo pou tout lekòl ki deja chante alfabè kreyòl la an kreyòl.
[caption id="attachment_7539" align="alignnone" width="300"]
Nouveau Collège Mixte Rio Bravo kanpe kinalaganach. Anpil konpliman pou yo ak direktè yo Montrevil Renal ki pral chante alfabè kreyòl la.[/caption]
13
Apr
[caption id="attachment_7013" align="alignright" width="300"]
Gran chantez Dominique te fè yon ti kout pye nan zòn Tampa pou chante alfabè kreyòl la tou. Se Chad Piche ki te pran foto sa a.[/caption]
Prezans zouti DVD alfabè kreyòl la nan lekòl yo se yon ti solisyon pou koumanse rezoud yon montay pwoblèm. Non sèlman zouti chante alfabè kreyòl la ap ede timoun aprann nan yon fason ki bay anpil plezi, li ankouraje imajinasyon lakay timoun yo, li ba yo libète pou yo eksprime tèt yo nan yon fason ki ta difisil san rit mizik, e li angaje yo pou patisipe plis nan sa y ap aprann nan. Sa vin ajoute yon siksè anplis nan devlopman sosyal yo tou.
Se pwofesè Michel DeGraff, yon lengwis nan inivèsite Massachsetts Institute of Technology (MIT) avèk otè atik sa a, yon konbatan pou lang kreyòl la, ki te mete tèt ansanm pou pwodui DVD alfabè kreyòl la. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou pwojè sa a nan lyen Deskriptif DVD alfabè kreyòl la: Paj 1 Deskriptif la e Paj 2 Deskriptif la. E ou kapab jwenn DVD a si ou klike sou lyen sa a: DVD alfabè kreyòl la nan EducaVision.
Rechèch ou va fè sou pwojè ki ap pwomote avansman lang kreyòl la pa ta janm konplè si w pa tcheke pwojèInisyativ MIT-Ayiti a, yon pwojè ke pwofesè Michel DeGraff ap dirije, ki itilize lang kreyòl la pou mete resous teknolojik nan pla men tout elèv lekòl Ayiti, san patipri, dekwa pou yo kapab vin pi maton nan sijè lasyans yo, matematik, fizik, ak teknoloji. Pwojè sa a gen kapasite pou modènize sistèm edikasyon peyi Ayiti, paske li itilize teknoloji ak kapasite lengwistik timoun nan genyen depi l fèt, pou li ede timoun nan devlope lespri kritik ki nesesè pou l reyisi nan lavi pwofesyonèl li. Ak yon pwojè konsa, anvan lontan, kalib ledikasyon nan peyi Ayiti pral depase nivo lekselans.
Men, pou kounye a, sitiyasyon sistèm edikasyon nan peyi a se yon kesyon de ‘kote k gen kou nanpwen chenn’. Pou yon timoun ki pa rich resevwa bon kalite ledikasyon Ayiti, li dwe simonte plizyè obstak. Obstak tankou difikilte ekonomik, kapasite ak merit lekòl la ki pa nan nivo, fòmasyon ak preparasyon pwofesè a ki pa fin twò yès, e disponiblite founiti klasik ki endispansab pou siksè elèv la ka pa egziste. Gen yon manman pwoblèm ki pi gwo pase obstak sa yo, se baryè lengwistik ki prezante lè elèv la al kontre bab pou bab ak ansèyman ki ap fèt an franse alòske se ak lang kreyòl la li te leve. Pwofesè yo fè kèk klas an kreyòl, men lè se tan pou aprann fòmil matematik, lwa fizik, ekwasyon chimik, se nan lang etranje elèv yo aprann sa.
Si paran yo te konnen ki enplikasyon obstak sa a pote alalong, yo ta pale franse sèlman ak timoun nan lè l ap grandi, lè y ap jwe avè l, ak lè y ap ba l tete. Yo ta fè timoun nan pale franse sèlman lè li nan lakou ap jwe ak zanmi l, lè l al fè komisyon nan mache, ak nan tout anviwònman anfans li. Men reyalite a sèke, nou pa leve ap pale franse, se lang kreyòl la ki rele n pa n. Timoun nan leve jwenn paran l ap pale kreyòl, se kreyòl ki lang li, se sa sèlman li konnen. Luzincourt ak Gulbrandson (2010) sijere ke lekòl yo ta dwe anseye tout elèv primè yo nan pwòp lang manman yo pandan ke y ap fè preparasyon pou atake lang franse a kòm yon dezyèm lang.
Kèlkeswa jan yo deside fè l la, selon rechèch ki fèt, gen plis avantaj pou timoun nan pran fondasyon edikasyon primè li nan lang manman li. Pa gen manti nan sa. Prèv la klè. Tout rechèch ki fèt montre ke meyè lang pou yo ta itilize pou alfabetizasyon nan lekòl primè yo se premye lang timoun nan (UNESCO, 2008).
Nan zafè chanje lang sa a timoun nan ka byen twomatize. Sa ka vin mete nan tèt li ke lang manman l lan pa konpetan. Donk se pousa, dèfwa, timoun nan vin bay lang etranje a priyorite. Li kite lang manman li dèyè. Li kite eritaj li dèyè. Se pa yon egzajerasyon non. Di m ki sa w ta fè si yo ta di w pa pale kreyòl nan lakou rekreyasyon. Di m ki sa w ta fè si yo ta ba w yon kout règ sou zo dwèt ou pou chak mo kreyòl ou pale. Si sa ta rive w, li pa ta vo lapenn pou ap pale yon lang k ap fè w pase mizè. Enben lè lekòl la limite kreyòl la, lè lekòl la plase kreyòl la kòm lang ki pa kapab anseye fizik, chimi, byoloji, oubyen nenpòt sijè matematik tankou jeyometri, aljèb, oubyen kalkil, sa anrejistre fon nan tèt timoun nan.
Timoun nan, atò, vin pèdi benefis resous lengwistik lang manman li. Tout vokabilè, konesans adisyonèl, konesans kiltirèl, kreyòl la ta pral pote ba li tonbe nan dlo – Tout pèdi. Tout peri paske nou fèmen kapasite sa a nan brenn timoun nan. Nou limite l. Nou anpeche kapasite sa a devlope. Tandiske se lang manman l ki ta pral sèvi kòm bon fondasyon pou aprann lòt lang.
[caption id="attachment_7010" align="alignright" width="300"]
Pwofesè Michel DeGraff avèk Chomsky ki kenbe DVD alfabè kreyòl la. Se Michel DeGraff ki founi foto sa a.[/caption]
Menm paran yo, vin pèdi opòtinite pou yo chita sou tab pou anrichi konesans timoun nan ak kilti li pandan y ap sipèvize l nan fè devwa. Konesans kiltirèl ke timoun nan, an retou, ta pataje nan klas ak pwofesè e konpayèl klas li.
Nan pawòl Chomsky (2015), “Si yo nye timoun Ayiti yo opòtinite pou yo etidye, travay, ak devlope nan pwòp lang ak kilti yo, sa va prive yo de opòtinite pou yo pwogrese pwofesyonèlman.”
Se bagay nou wè chak jou, timoun nan rive nan yon nivo kote li pa kapab kontinye ankò nan lekòl la, paske li manke yon seri fondasyon. Lekòl la pa t ba li opòtinite pou konnekte ak vrè idantite li.
Iv Dejean, premye konbatan pou edikasyon nan lang kreyòl la, te mete pawòl la klè, “Toutotan sistèm lekòl Ayiti a pa sèvi nèt ak zouti ki nan lespri sèvo tout Ayisyen ki fèt e ki leve Ann Ayiti, responsab lekòl fèmen pòt konesans nan figi 4,000,000 timoun ki pa te benyen nan franse, ni ki pa kapab benyen nan franse. Paske yo pa gen okazyon benyen nan franse.” (Iv Dejan, 2011).
[caption id="attachment_7523" align="alignnone" width="300"]
Iv Dejan ap fè ti pale avèk timoun gwoup RAK (Revolisyonè pou Alfabè Kreyòl la) ki sot chante alfabè kreyòl la.[/caption]
Se vre mezanmi, timoun nan pa genyen okazyon pou l layite kò l nan franse, nou pa ka vle pou l ap pwodui an franse.
Jounen jodi anpil moun vin reyalize enpòtans resevwa edikasyon an kreyòl. Gen anpil mouvman k ap fèt pou chanje sistèm nan. Pwojè DVD alfabè kreyòl la se youn ladan. Mete w avèk nou pou pataje mouvman sa yo ak tout Ayisyen ki konsènen pou nou kapab fè pi gwo pa toujou sou wout pwogrè a.
Se Mandaly Louis-Charles ki ekri atik sa a.
Nonm de mo ki gen nan atik la: 1101
Referans
Chomsky, N. (2015). Chomsky on language & education in Haiti / Chomsky sou lang & edikasyon. Published by Degraff, M. F on YouTube 8/5/2915. W ap jwenn li nan https://youtu.be/sNGB5ZasCMA Dejan, Iv. (Telechaje 2011). The Politics of Language: Haitian Creole and the Educational System in Haiti. W ap jwenn li nan http://www.youtube.com/watch?v=DpXc7ylYwYk Luzincourt, K., Gulbrandson, J. (2010). Education and conflict in Haiti: Rebuilding the eduation sector after 2010 earthquake. United States Institute of Peace. W ap jwenn li nan http://www.usip.org/sites/default/files/sr245.pdf UNESCO (2008). Mother Tongue Matters: Local Language as a Key to Effective Learning. Paris: UNESCO.12
Apr
[caption id="attachment_7511" align="alignright" width="300"]
Nou Kontan avèk Institution Mixte Lovely, ki nan 13 Bertin Rue de Grâce, avèk direktris Lavaud Lovely ki ap fè gwo pa an avan, ki pral chante alfabè kreyòl la ak kè kontan.[/caption]
DVD alfabè kreyòl la se yon zouti ke pwofesè Michel DeGraff yon lengwis nan inivèsite Massachusetts Institute of Technology (MIT) ak konbatan pou lang kreyòl la, Mandaly Louis-Charles, te konstwi pou ede timoun lekòl aprann alfabè kreyòl la. Li pa la pou montre elèv yo pale kreyòl e li pa la pou ranplase ansèyman pwofesè lekòl yo. Men pwofesè kapab itilize li pou ede elèv yo aprann alfabè kreyòl la, ak anpil kè kontan, selon òtograf ofisyèl ki te pibliye nan lwa 18 septanm 1979 la.
Se yon bon zouti ki itilize mizik ak bon kout tanbou pou ede elèv yo aprann ak anpil plezi. Li itilize repetisyon pou ede yo retni sa yo aprann nan pi vit e nan yon fason pou yo pa janm bliye l tou. Pwofesè lekòl yo, tanpri, pa fè tankou moun ki gen yon zouti nan men yo , men ki pa janm itilize l. Mete yon tan apa pou onore ak apresye lang nou, eritaj, ak idantite nou.
[caption id="attachment_7504" align="alignnone" width="300"]
Direktris Lyncée Florence ak École mixte de la Lumière, ki nan 47 rue Jean Louis, Rivière Froide pral chante alfabè kreyòl la.[/caption]
Men yon lyen ki genyen yon deskriptif sou DVD alfabè kreyòl la. Lyen sa a gen tout enfòmasyon ke ou ta renmen konnen, e li gen enfòmasyon sou ki kote ou kapab ale pou jwenn plis enfòmasyon toujou. Ou kapab menm telechaje deskriptif la pou pataje li. Ale nan: paj 1 deskriptif la enpi paj 2 deskriptif la.
N ap bat anpil bravo pou tout lekòl yo ki te reponn prezan. Institution Mixte Frère Joseph Demichel, Ecole Mixte de la Lumière, Institution Mixte Lovely, Institution Mixte Frères Samaritains ap fè anpil bèl travay avèk jenn moun ki se fiti peyi a. Gade foto timoun sa yo byen! Se yo menm ki se fiti peyi a. Se nan men yo menm nou pral mouri kite peyi a. Direktè ak direktris lekòl yo konprann sa byen, se pousa y ap chache mete tout lekòl yo 'tèt anwo' kòmsadwa pou fiti peyi a ka bèl. M pa ka tann pou nou tounen wè yo ankò, pou nou ka koute yo ki ap chante alfabè kreyòl la.
[caption id="attachment_7507" align="alignnone" width="300"]
Institution Mixte Frère Joseph Demichel avèk direktè Joseph jn Wildor te reponn a lapèl. Yo pral chante alfabè kreyòl la.[/caption]
11
Apr
Aprann kouman pou li ak ekri òtograf kreyòl la. Menm jan ak tout lòt lang, kreyòl la genyen règ ki gouvènen fason pou li ak ekri li. Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon te mete yon ti livrè deyò pou bay tout moun yon edikasyon de baz sou kreyòl la. Michel DeGraf, yon pwofesè lengwis nan inivèsite Massachsetts Institute of Technology (MIT), te mete liv sa a disponiblite tout Ayisyen ak etranje ki enterese aprann lang lan. Tout lang genyen yon fason òganize pou fòme ak ranje mo yo, kreyòl la pa yon eksepsyon. Tout moun ki pral ekri kreyòl dwe ekri l menm jan, nan yon fason inifòm e òganize. Ale nan lyen sa a pou aprann òtograf kreyòl la. Ou kapab klike sou lyen sa a pou antre sou sit Michel DeGraff la: Ann aprann òtograf kreyòl la, oubyen ou kapab klike sou lyen sa a: mit.edu/linguistics/faculty/degraff
[caption id="attachment_7539" align="alignnone" width="300"]
Nouveau Collège Mixte Rio Bravo kanpe kinalaganach. Anpil konpliman pou yo ak direktè yo Montrevil Renal ki pral chante alfabè kreyòl la.[/caption]
08
Apr
[caption id="attachment_7399" align="alignright" width="300"]
Ti katkat nan College Mixte Vainqueur par la Foi pral chante alfabè kreyòl la.[/caption]
Lavi sa a se yon vwayaj. Se yon vwayaj ki genyen plizyè destinasyon. Chak destinasyon nan lavi a mande yon preparasyon.
Sipozon ke ou t ap prepare w pou fè yon vwayaj byen long, ki sa ou ta pare mete nan dyakout ou? Kouman ou ta prepare w?
Pou prepare pou yon vwayaj, fòk ou konnen destinasyon an. Si w ap soti nan yon peyi twopikal, enpi ou prale nan yon peyi ki fè frèt, ou va, natirèlman, foure kèk chanday ak bòt nan malèt ou, pou pa mouri fredi. Menm gendefwa lavi a mande pou prepare w san ou pa konnen pou ki destinasyon w ap prepare w. Ki sa pou fè nan sitiyasyon sa a? Nan yon sitiyasyon parèy, ou oblije pare pou tout bagay posib ki ka prezante.
Se kon sa.
[caption id="attachment_7389" align="alignnone" width="300"]
Collège Univers Frères César, ki nan 64 Titus prolongé ( demichel) , ak direktè Guillaume Damiel nan telefòn 31183618[/caption]
Wi se kon sa nan lavi a, depi lè ou ti katkat w ap prepare.
Ki kalite destinasyon kon sa ki genyen? Nou kapab nommen kèk destinasyon tankou destinasyon preskolè kote moun ki te elve w ba w bonkou preparasyon pou reyisi nan domèn sa a. Paran w oubyen gadyen w fòme w pou w soti nan kouchèt, pou konn dyaloge ak lòt moun, pou gen konpòtman sosyal, pou w kapab kominike efektivman avèk la sosyete.
[caption id="attachment_7392" align="alignright" width="300"]
Institution Mixte l'Étoile, nan 86 Bertin carrefour avèk direktris Roselaine Louis Jean, nan telefòn 34664787/32844762[/caption]
[caption id="attachment_7394" align="alignnone" width="300"]
Institution Mixte d'Hirondelle, 153 Lajoie Bertin Carrefour, ave1k direktè Desir Louis Jean nan telefòn 36699194/46138839[/caption]
Gen lòt destinasyon tankou destinasyon nan adolesans, kote se preparasyon ou te met nan dyakout, tankou abilite pou kolabore, valè sosyal, kwayans fondamantal, ets, ki va gide w ou nan domèn sa a.
Preparasyon fizik, moral ak entèlektyèl, ansanm ak antisipasyon pou chanjman nan lavni kapap gide w nan destinasyon pwofesyonèl la.
Menm nan destinasyon final ou nan lavi a fòk ou te prepare kisa w va kite pou sa ki rete dèyè.
Donk ou dwe remake se detay nan preparasyon pou destinasyon w nan lavi a ki detèminen reyisit ou. Ou konn tande moun ap di, ou pa janm konnen kote w ap tonbe, enben ou oblije viv konsa: Mete tout kalite zouti nan dyakout, paske destinasyon w kapab chanje sanzatann kon sa.
Gen moun ki konn panse paske yo leve nan yon peyi ki pale yon lang, e yo ka al tonbe nan yon lòt peyi ki pale yon lòt lang, ki sa sa va itil pou prepare? M ap fè w konnen ke pa genyen yon konesans ki pa itil, ou pa janm aprann yon bagay pou anyen, Tout sa w aprann nan lavi a va rive sèvi w nan youn nan destinasyon lavi a. Donk onere tout preparasyon ak fòmasyon ke ou resevwa. Yon lè kanmenm, yo va itil ou.
[caption id="attachment_7369" align="alignnone" width="300"]
Centre d' Études Lumière de Bertin Titus avèk direktè Maximien Belhomme[/caption]
Timoun nan lekòl Institution Mixte d’Hirondelle, Institution Mixte l’Etoile, Collège Univers Frère Cesar, Institution Mixte Vainqueur, ak Center d’Études Lumière de Bertin resevwa yon zouti ki va, pou sèten, ede yo nan plizyè domèn nan lavi a. Y ap chante alfabè kreyòl la kounye a, pou yo ka bay bon rannman pwodiktif kòm Ayisyen pwofesyonèl demen.
08
Apr
[caption id="attachment_7398" align="alignright" width="300"] Elèv nan Institution Mixte Nouvelle Dimension ap pare pou chante alfabè kreyòl la.[/caption]
Pou konbat liyorans, fòk ou ame w ak konesans.
Yon pèp kapab peri akoz liyorans. Sa k pi mal la, yon moun ki san konesans pa konnen si yo genyen yon pwoblèm. Si ou pa konnen w malad, ou pa nan chache renmèd. Se pousa liyorans se youn nan pwoblèm ki pi danjre ki ka egziste.
Yon moun ki genyen konesans dwe mete limyè li anwo tèt yon kay kote tout moun kapab wè, dekwa pou yo kapab kite konesans yo penetre sèvo lòt moun tou.
[caption id="attachment_7538" align="alignnone" width="300"]
Institution Mixte Luzia Academy ak direktè Sinnelon Busnel pral chante alfabè kreyòl la. Anpil konpliman!![/caption]
[caption id="attachment_7534" align="alignright" width="300"]
Anpil konpliman pou Institution Mixte Frère Gardy ke direktè Gardy ap dirije, ki pral chante alfabè kreyòl la.[/caption]
Institution Mixte Nouvelle Dimension ap ranpli objektif li. Tout elèv ki nan lekòl sa a pral chante alfabè kreyòl la.
Lè yon moun rankontre yon Elèv Institution Mixte Nouvelle Dimension, yo mèt mande l pou di alfabè tou lè de (2) lang yo, franse ak kreyòl, elèv la ap ba ou tou de(2) alfabè yo sou de chèz.
[caption id="attachment_7397" align="alignnone" width="300"]
Institution Mixte Nouvelle Dimension, 99 rue 12 Emmaüs Bertin, ak direktè Laurence Santo Christ. Telefòn lekòl la se 37428620 /36665241[/caption]
06
Apr
[caption id="attachment_7383" align="alignleft" width="300"]
Institution Mixte Père Farnèse Louis Charles, avèk direktè Henry Evaince pral chante alfabè kreyòl la[/caption]
Woni Jozèf (Rony Joseph)
Youn nan bagay ki fè fyète yon pèp, yon peyi oubyen yon nasyon se lang pèp la, lang peyi a oubyen lang nasyon an. Nan kèk peyi, yo asosye lang peyi a ak kèk gran ekriven peyi a. Pa egzanp, lè yo ap pale de lang franse, yo di « lang Vòltè (Voltaire) ». Pou panyòl yo di « lang Sèvanntès (Cervantes) » . Pou angle, yo di « lang Shekspi (Shakespeare)». Kantite liv ak atik yo pibliye an kreyòl ap ogmante pi plis chak jou. Men ponkò gen yon antant sou ki ekriven ayisyen ki dwe jwe wòl sa a pou kreyòl ayisyen. Si nou ta mande yon gwoup ayisyen pou bay lis kèk bagay ki fè fyète pèp ayisyen, kèk bagay ki reprezante yon eritaj enpòtan pou Ayisyen, nou ta jwenn repons tankou, istwa nou, mizik nou, manje nou, kèk nan moniman istorik nou yo tankou Sitadèl. Gen chans pou se pa anpil nan yo ki ta va mansyonnen kreyòl ayisyen. Èske ou se youn ki ta p di kreyòl ayisyen? Poutan kreyòl ayisyen se youn nan eritaj enpòtan nou yo. Nou pa pwopaje nouvèl sa a ase. Pètèt akòz prejije oubyen inyorans anpil nan nou, si se pa pifò nan nou, kont lang nasyonal nou. [caption id="attachment_7540" align="alignright" width="300"]

06
Apr
[caption id="attachment_7375" align="alignright" width="225"] Se Carline A. Jean Louis, otè atik sa a[/caption]
Pa gen manti nan sa, mo k ap domine aktyalite a nan 21èm syèk sa a se < Mondyalizasyon>. Se pa ti pale anpil tèm sa fè. Mesye biznismann yo sèvi avè l paske li pèmèt yo blayi komès yo sou tout tè a. Se menm koze mondyalizasyon sa a ki lakòz yon bann moun al nan peyi etranje pou y al chache lavi miyò swa akoz move sityasyon ekonomik, chomaj, pi gwo ap maspinen pi piti oswa katastwòf natirèl.
Lefètke moun yo deplase kon sa sa vin lakòz diferant kalite lang, kilti, ras, relijyon nan lekòl yo. Nou ka pran egzanp Florida (Etazini) kote plis pase 50% timoun nan preskolè (kindergarten) soti nan fanmi ki pa Ameriken. Kòman paran ak pwofesè ka ede timoun yo pale lang natif natal yo tou pandan y ap pale youn dezyèm lang?
Kòman nou ka defini lang natif natal?
Lang natif natal se premye lang timoun aprann depi yo ti katkat. Pou yon moun ki pale de (2) lang an menm tan lè l tou piti lang natif natal li se sila a li pale tout tan lakay anvan l bon pou lekòl. Li posib pou yon moun gen de (2) lang natif natal si l toujou pale epi konprann tou lè de (2). Nan ka you timoun ki poko konn pale, lang natif natal li se sila yo pale lakay li pi souvan. Si yo toujou pale de (2) lang avè l, l ap gen de (2) lang natif natal
You timoun ka rive pale lang natif natal li lè yo toujou pale l avè l. Li kapab aprann lè l tande, pale ak moun lakay li, pwofesè ak zanmi. Degaje nou kou mèt Janjak pou n pale lang natif natal ak timoun nou; di yo non bagay ki anndan kay la, di yo sa n ap fè, pale de santiman nou, rakonte istwa, di sa ki nan panse nou, chante, bay kont, rakonte istwa nan lang manman nou.
Natirèlman, you timoun bezwen tan pou l konprann lang lan . Sa vle di l ap pran tan pou l tande, men li p ap kouri pale lapoula. Fòk nou ba l tan pou l fè pwogrè nan lang natif natal la.
Pafwa timoun nan ap ka melanje mo ki soti nan tou lè de (2) lang pou l ranplase sa li pa konnen. Atann nou aske l fè fot. Se sa k ap pèmèt li pi byen konprann lang lan.
You moun ka aprann you dezyèm lang kèlkeswa laj li men plis li koumanse pi bonè se plis l ap atrap lang lan pi fasil. Se sa k fè li enpòtan pou you timoun aprann pale kèlkelanswa lang lan avèk moun ki byen pale l. Pito l aprann ou sèl lang byen tan pou l fè charabya nan de (2) lang.
Men kèk fason nou ka ede yon timoun pale lang natif natal li ak you dezyèm lang:
Yon paran-yon lang: si manman an pale you lang, papa a ap pale lòt lang lan.
Yon kote-yon lang: lakay pale you lang, lekòl pale lòt lang lan
Yon aktivite- yon lang: Lè timoun nan ap benyen nou pale yon lang, lè l ap manje nou pale yon lòt lang
An n pran kote paran an pale tou de (2) lang yo byen. Sa konn rive li soti nan you lang la l janbe nan lòt la lè l ap pale ak timoun li. Sa p ap tèlman deranje timoun lan. Men apwòch <yon paran-yon lang> lan ap pèmèt timoun lan pale lang natif natal li tou pandan l ap kontinye evolye nan dezyèm lang lan.Timoun ou bezwen tande toulede lang yo tout tan pou l rive pale yo. Antanke paran, se ou ki pou deside ki lang ki pou pale nan fanmi an, ak vizitè. Si gen youn nan de (2) lang yo ou pa fin kodyòm avè l, pale lang natif natal ou.
An n analize yon lòt sitiyasyon kote timoun nan pre pou preskolè (kindergarten). Souvan nan espas sa yo nou sèvi ak yon lang ke nou pa prèske pale lakay nou. Sa pa grav; kontinye pale lang natif natal avè l. Si nou pa fè sa, non sèlman timoun nou ap bliye lang natif natal la , li ka pa janm rive ni pale l ni konprann li ankò.
Foure sa byen nan tèt nou: lè yon timoun pale de (2) lang, li p ap janm bwouye. Sèvo l gen kapasite pou l aprann plis pase you lang. Anpil kote sou tè a timoun aprann de (2) lang san pwoblèm. Rechèch montre ke sa ede timoun yo aprann li, ekri pi byen. Yo konnen plis mo, sa k pi bèl la yo pi alèz pou yo jwe ak son yo, yo konpann règ gramè yo pi byen.
N ap repete l ankò menm si nou pale lang natif natal ak timoun nou li reponn nou an angle , pa dekouraje. Lefètke l tande sèlman sa ap ede l aprann. Gade fim, li liv, fè jwèt nan lang natif natal. Fè tout kalite aktivite k ap mete timoun nou an kontak ak lang lan, Mezanmi pran plezi nou nan pale lang natif natal nou konsa nou p ap kite tren mondyalizasyon an kraze idantite nou.
[caption id="attachment_7339" align="alignleft" width="300"]
Institution Mixte Le Realiste pral chante alfabè kreyòl la.[/caption]
06
Apr
[caption id="attachment_7005" align="alignright" width="300"] Michel DeGraff, pwofesè lengwistik nan inivèsite MIT. Direktè MIT-AYITI Inisyativ la[/caption]
Ki Wòl Teknoloji nan Lekòl Ayiti yo?
Ki chanjman teknoloji venteyinyèm syèk la te pote nan lekòl Ayiti yo?
Èske lekòl Ayiti pwofite boum teknoloji a pou amelyorize aprantisaj nan lekòl yo pa mwayen bon zouti ledikasyon ki disponib a tout elèv yo?
Si ou se yon elèv lekòl, èske w kapab di kouman lekòl ou itilize teknoloji pou met lekòl ou an ‘tèt anwo’? Pou rivalize lekòl la e mete l kanpe tankou yon fanal pou tout lòt yo suiv?
Kòm yon elèv, èske lekòl ou an ankouraje elèv yo patisipe nan jwèt olenpik matematik, nan konpetisyon wobotik, nan konkou ekspoze lasyans, konkou òtograf, ekspoze teknoloji, nan yon nivo lokal, nasyonal, e entènasyonal?
Èske ou tande pale de MIT-Ayiti Inisyativ la?
Chita tande.
Bòn nouvèl la, sèke MIT-Ayiti Inisyativ la, yon pwogram ki genyen alatèt li Michel DeGraff, yon pwofesè lengwis nan inivèsite MIT. Se yon zouti ki itilize teknoloji ansanm ak lang kreyòl la nan ansèyman sijè matematik, lasyans, fizik, ak teknoloji.
Si nou t ap chache yon fraz tokay pou MIT-AYITI Inisyativ la, nou ta chwazi LEDIKASYON A WO NIVO POU TOUT MOUN, paske se sa li ye. Teknoloji Inisyativ la itilize lang kreyòl la, lang ke tout Ayisyen ap pale depi nan vant manman yo, nan dè leson ki entèraktif, yon metòd leson ki ankouraje elèv yo devlope refleksyon kritik yo, ki djigèt lespri elèv yo. E ou konnen depi yon timoun byen rakwoche avèk abilite pou li panse kritikman, zo bwa tèt yo vin louvri, enpi konesans jayi antre anndan sèvèl tèt timoun nan. Sa vin fè timoun nan genyen bon estim pou tèt li. E se konsa lidè, doktè, enfimyè, enjenyè, lengwis, agwonòm, tout kalite pwofesyonèl gen koumansman yo.
Mwen ta renmen w al fouye sit MIT-HAITI a, kon moun k ap chache zo nan kalalou. E m ta renmen w feyte paj resous yo grenn pa grenn. An verite, ou va jwenn yon trezò, yon zouti ki va penmèt ou detere trezò avansman peyi a, yon trezò ki gen potansyalite pou l fè peyi a rich depase.
Ale nan lyen sa yo, e pataje l ak tout moun ou konnen:
Fouye nan sit MIT-HAITI a: https://haiti.mit.edu
Klike renmen pou paj Facebook MIT-HAIT a: https://www.facebook.com/mithaiti
Lyen sa a se manman trezò a, tout sa ou bezwen konnen sou mouvman pou pwogrese lekòl Ayiti yo ladan l. Tanpri tcheke lyen sa a: MIT Department of Linguistics
Li atik sa ki va eksplike w poukisa nou dwe akeyi Inisyativ la: www.academia.edu
Recent Comments