Èske elèv nan lekòl ou yo kapab klasifye tout kalite vwayèl ki gen nan alfabè kreyòl la?
Si ou genyen yon timoun ki ale lekòl, mande li pou li di w kisa yon vwayèl nen ye. Mande li tou èske li kapab nonmen demi vwayèl yo. Enpi tou fè li esplike w ki sa yo rele yon vwayèl bouch.
Lekòl sa yo ki anlè a ap fè pwogrè - yo pral chante alfabè kreyòl la.
READ OUR NEWS
Creole Lingo!
23
Nov
19
Nov
Èske w konnen ke chante se yon bon zouti pou anseye?
O O! Ou pa t konnen?!!! Kisa menm?!!!!
M ap parye avè w, ti chante ou te konn chante nan klas matènèl, menm lè ou vin granmoun ou toujou sonje yo.
Enben, se pou tèt sa timoun nan lekòl ki nan lis anba yo pral chante alfabè kreyòl la pou yo ka retni l pi byen.
Sa k pi bèl la, gen bon ti tanbou ak rit nan chante a ki soti nan tradisyon kiltirèl yo, ki pral fè yo retni alfabè a pi byen toujou, san konte jan yo pral brase ti dada yo. Men wi, se konsa moun aprann wi ... avèk plezi :)
05
Nov
Ki rapò ki genyen ant lòd, disiplin, e òganizasyon nan yon lekòl avèk reyisit elèv yo nan lekòl sa a?
Èske ou panse elèv yo ap reyisi si gen dezòd?
Èske w panse yo va reyisi si pa gen òganizasyon?
Èske ou panse y ap reyisi si pa gen displin?
Poukisa gen moun ki panse lekòl Ayiti yo va reyisi si yo pa mete bon refòm e chanje tout metòd edikasyon ki demode?
Tanpri ale nan sit MIT-HAITI a pou plis enfòmasyon avèk si ou ta renmen patisipe nan konbit pou edike tout peyi Dayiti kòm sa dwa. Lyen an se https://haiti.mit.edu/.
Lekòl anba yo deside mete lekòl yo "tèt anwo". Yon bèl bravo pou yo.
Recent Comments