Timoun nan kindergarten sa yo, ap tande kreyòl depi lè yo te nan vant manman yo, depi yo ti bebe, depi yo koumanse mache.
Pou manman yo mete yo dòmi, se kreyòl li pale.
Pou manman yo fè yo manje, se kreyòl li pale.
Pou yo lapriyè, se kreyòl.
Pou yo jwe nan lakou se kreyòl.
Lè yo rive lekòl, ki lang ou panse yo ta dwe itilize pou anseye yo?
Konbyen liv kreyòl ou panse yon elèv lekòl ki fè tout klas li Ayiti dwe li antou kon sa?
E, konbyen liv franse, yon elèv lekòl ki pa janm pale franse nan lavi li, dwe li antou kon sa?
READ OUR NEWS
Creole Lingo!
11
Oct
05
Oct
Danse, taye banda, vire dada, yaya kò, ... kèlkeswa jan ou rele li, pa gen mal nan sa - depi ou fè li nan non ledikasyon, ou pa gen dwa pèdi. Netwaye tanbou w, retire pousyè, pou fè timoun yo danse pou alfabè a.
04
Oct
Men alfabè kreyòl la: a an b ch d e è en f g h i j k l m n ng o ò on ou oun p r s t ui v w y z
Èske w kon kat prensip fondamantal alfabè kreyòl la?
premye prensip - Chak lèt rete nan wòl yo.
dezyèm prensip - Chak son ekri menm jan.
twazyèm prensip - Nan pwen lèt ki bèbè.
katriyèm prensip - Chak lèt gen yon sèl son.
04
Oct
Bèl konpliman pou Lanova Academy ki ap chante alfabè kreyòl la.
M espere yon jou yo va chante l ak danse l pou nou.
Recent Comments